Creole

Pawòl Bondye pou Ayiti


Rèl pou pèp mwen an.

Zantray mwen ap koupe pou pèp mwen-an… pou peyi mwen! Men kite-m pran kouraj, kite-m aji fwa-m…  Nan pouvwa Sentespri-a, mwen lage tout konfyans mwen nan ou Papa.

Konfyans mwen se nan Bondye li ye

Ou genyen repons pou tout pwoblèm. Mwen gen konfyans ke’w deja voye repons pou tout pwoblèm Ayiti yo. Nou aksepte repons sa yo, paske sa’w di-a se sa kap fèt.  Kreyatè syèl la ak tè ya, nou dechaje tout pwoblèm nou yo sou zepòl ou. Konye-a, nou gen kè poze paske.

Mwen chwazi pou-m kwè nan ou Bon Papa.

Byen lontan, avan’w te fouye fondasyon tè-a, ou te gen tan fè pwovizyon pou pwoblèm Ayiti yo. Ou deja voye tout sa ki nesesè pou rezoud tout tèt chaje nou yo. Tout sa nou bezwen pou delivrans peyi-a… tout sa nou bezwen pou peyi-a kanpe sou de pye-l… deja la. Nan non Jezi.

Se pou tèt sa Bon Papa: mwen kòmande pou tout vil yo rebati; mwen kòmande bèl rout nan tout rakwen peyi Dayiti; mwen komande desantralizasyon total peyi-a; mwen kòmande enstitisyon leta solid kap fè bon travay pou pèp la nan nèf arondisman peyi-a; mwen kòmande dlo potab, kouran 24 sou 24, sanitasyon pou tout Ayisyen nan peyi-a.

Mwen di’w mèsi Papa pou tout resous natirèl ou ba Ayiti. Mwen kòmande resous sa yo pou benefisye peyi-a ak pèp-la. Tiye tout sansi ki ta vle kontiye bwè san peyi-a, Sovè mwen. 

Mwen kòmande tout Ayisyen pou debode ak lanmou Jezi nan kè yo. Mwen kòmande tout Ayisyen alaronnbadè pou kanpe sou pawòl Senyè-a. Mwen kòmande lidè ki gen bon volonte, ki anrasine nan pawòl Jeova pou gouvène peyi-a. Mwen kòmande fonksyonè leta ki save, ki gen konpetans pou fè travay-la nan tout biro leta nan nèf arondisman peyi-a.

Mèsi pou gras ou Bon Papa. Mèsi pou tout plan ou genyen pou Ayiti.  Mèsi pou pwomès ak pwovizyon ou yo. Mèsi pou viktwa ou ba nou sou tout lespri malen ki vle detri peyi-a.

Kounye-a, mwen kòmande peyi Dayiti pou rantre nan rwayom Bondye ya; mwen komande peyi Dayiti pou rete anrasine nan pawòl gran mèt la ki gen tout pouvwa. Nan non Jezi.

Mwen lage pèp mwen-an nan men’w Papa.  Mwen lage tout sa-n fè nan men’w. Senyè mwen... Mèt mwen... Rwa mwen. Tankou yon ti bebe nan bra papa-l, Ayiti nan men’w. 

Nan non Jezi, Ayiti ap vi-n pi bèl ke jan-l te ye avan, paske rwayom ou nan kè nou e  bote-l ak limyè-l ap reflete sou peyi-a.  Mwen di’w mèsi; mwen ba’w glwa pou tout mevèy ou yo Papa. Amen!

Vèsè pou li ak meditasyon
Jenèz 7:1, 13, 16                        Mak 9:23; 11:22-25              Efezyen 1:3-5
Deteronòm 6                              Lik 17:21                               Ebre 1:14; 11
Sòm 37:3-5; 82; 103:20             Jonn 16:23-24                        2 Pyè 1:3-4
Ezayi 61                                     Romen 14:17                         Jid 20
Matye 11:28-30                         1Korentyen 4:20


Rhonda B. Holmes ~ © June 2010

Create Your Extraordinary Life with Your Spoken Word
Rhonda Bell Holmes 
Author, The WORD Diet